🛠️

Kijan nou ka ede w jodi a?

Chèche videyo, gid, mizajou, oswa repons sou Cash2Cart.

Chèche pa kategori

🚀
Getting Started 7 videos
💵
Reload Account 0 videos
🛒
Purchase Request 1 video
💳
Payment Request 0 videos
🪪
KYC Verification 0 videos
🚚
Shipping with Marabout 1 video
👤
Account Help 0 videos
📣
Announcements Updates

Kòmanse La: Aprann Cash2Cart an 7 etap

Swiv etap sa yo pou w itilize kont Cash2Cart ou pi fasil.

1
🚀

Kijan pou kreye kont ou sou Cash2Cart gratis

Aprann kijan pou ouvri kont ou sou Cash2Cart gratis epi kòmanse itilize sèvis la fasil.

2
🪪

Kijan pou w aktive kont Cash2Cart ou avek pyes ou

Aprann kijan pou w monte pyes ou pou aktive kont Cash2Cart ou.

3
💵

Kijan pou mande rechaj sou Cash2Cart etap pa etap

Nan videyo sa a ou pral wè kijan pou mande rechaj sou Cash2Cart pou kòmanse itilize sèvis la.

4
🛒

Kijan pou voye prèv rechaj ou fè a sou Cash2Cart

Aprann kijan pou w voye prèv peman ou fè a, pou valide rechaj ou sou Cash2Cart byen rapid.

5
💳

Achte sou nimpot sit entènèt ak Cash2Cart

Nan videyo sa a, nou montre w kijan pou itilize Paj SHOP la ak opsyon \"Purchase Request\" la sou Cash2Cart pou voye detay pwodwi ou vle achte sou entènèt.

6
🔎

Peye fakti w sou entènèt ak Cash2Cart

Nan videyo sa a, nou montre w kijan pou itilize paj SHOP ak seksyon \"Payment Request\" la sou Cash2Cart pou voye mande peye fakti ou bezwen peye yo.

7
🚚

Achte sou entènèt, Voye tout bagay Ayiti ak Sendomeng San Tèt Chaje

Lè ou itilize Cash2Cart pou fè demann acha ou, ou ka chwazi Marabout Freight kòm sèvis transpò pou resevwa, konsolide, epi voye machandiz ou yo Ayiti oswa Sendomeng. Sa ede w: - Achte sou Amazon, Shein, Temu, AliExpress ak lòt sit - Itilize adrès resepsyon Marabout a - Swiv machandiz ou yo sou Marabout - Voye pwodwi yo Ayiti oswa Sendomeng ak plis sekirite - Resevwa èd nan Kreyòl pandan tout pwosesis la Cash2Cart ede w fè demann acha yo ak peye. Marabout Freight ede w ak pati transpò a dedwanman.

Bibliyotèk Tutorial

Achte sou entenet vinn pi fasil ak Cash2Cart. Ou pa bezwen kat.

Aprann kijan Cash2Cart ede w achte sou entènèt san kat, san pèdi tan, epi san bezwen mande zanmi ede w peye.

Gade Videyo

Kòman pou w rekipere modpas ou sou Cash2Cart

Ou anrejistre deja? ou vle antre sou kont Cash2Cart ou? Ou bliye modpas ou? Aprann kijan pou w konekte ak kijan pou rekipere modpas ou sou Cash2Cart.

Gade Videyo

Dènye Anons

📣

Fre rechaj yo fiks, sou kelkeswa montan wap mete sou kont Cash2Cart ou.

Frè rechaj Cash2Cart yo fiks selon metòd ou chwazi a. Ou konnen frè a davans, kèlkeswa montan ou vle mete sou kont ou. Sa ede w planifye rechaj ou pi fasil, san sipriz.

Kesyon moun poze souvan

Purchase Request - se lè ou bezwen Cash2Cart ede w achte yon pwodwi sou entènèt. Ou voye lyen pwodwi a, nou verifye l, nou kalkile total la, epi nou achte apre peman ou konfime. Payment Request - se lè ou gen yon moun oswa yon konpayi ou dwe, ou bezwen peye. Cash2Cart ede w trete peman ki apwouve a.
Cash2Cart travay ansanm ak Marabout Freight pou ede kliyan ki achte sou entènèt resevwa machandiz yo pi fasil. Ou ka itilize Cash2Cart pou fè acha a, epi itilize Marabout Freight pou resevwa, konsolide, epi voye pakè yo Ayiti oswa Repiblik Dominikèn, selon sèvis ki disponib. Cash2Cart ede w peye oswa achte sou entènèt. Marabout Freight ede w resevwa ak transpòte pakè a.
Frè sèvis la kouvri verifikasyon peman, tretman demann lan, sipò kliyan, ak depans ki ka genyen pou deplase lajan ant Ayiti ak Etazini lè sa nesesè. Pou ti peman ak peman mwayen sou entènèt, Cash2Cart souvan pi fasil e pi pratik pase fè transfè entènasyonal nan bank poukont ou.
Pa toujou. Nouvo kliyan yo kòmanse nòmalman ak \"Purchase Request\". Aksè a kat vityèl se sèlman pou kliyan ki apwouve, ki verifye, epi ki gen bon istorik tranzaksyon. Cash2Cart verifye chak kont epi chwazi metòd peman ki pi an sekirite a.
Non. Cash2Cart pa bay kat pou verifye PayPal oswa lòt kont. Kat ak sèvis Cash2Cart yo fèt sèlman pou acha ak peman ki apwouve.
Non. Cash2Cart pa resevwa lajan TikTok, jwèt, aplikasyon, crypto, paryaj, oswa lòt platfòm konsa. Cash2Cart fèt pou acha sou entènèt ak peman ki apwouve sèlman.
Non. Cash2Cart pa yon bank, pa yon bous elektwonik, epi li pa yon sèvis pou retire lajan. Cash2Cart fèt pou ede w achte sou entènèt oswa fè peman ki apwouve lè ou pa gen kat entènasyonal.

Ou toujou bezwen èd?

Kontakte ekip Cash2Cart la sou WhatsApp selon bezwen ou.